Kalifikasyon:
- 18 an oswa plis: Non
Montan Prim lan:
Jiska $2,000 pou depans transpò ak lojman.
Deskripsyon
Bezwen pou yon anplwaye, konjwen anplwaye a ak/oswa pitit depandan anplwaye a vwayaje: (1) pou pran swen yon manm fanmi imedyat oswa elaji ki nan yon sitiyasyon ijans medikal; (2) pou fè dènye vizit bay yon manm fanmi imedyat oswa elaji ki malad terminal; oswa (3) pou asiste antèman oswa pou akonpaye yon manm fanmi imedyat oswa elaji ki malad grav nan yon etablisman medikal ki lwen oswa nan yon lopital swen final.
“Manm fanmi imedyat” defini kòm paran, frè oswa sè, pitit yon anplwaye, enkli moun ki nan yon relasyon “pasyè”; ak konjwen.
“Manm fanmi elaji” defini kòm granparan yon anplwaye, bèlmè/bèlpè, oswa bèlsè/bèlfrè, enkli moun ki nan yon relasyon “step”.
“Depandan” defini kòm pitit anplwaye a (pa nesans, maryaj, oswa swen fòstè), oswa lòt fanmi ke anplwaye a sipòte materyèlman.
Dokiman obligatwa
Yon deklarasyon ki soti nan men doktè k ap trete pasyan an oswa nan etablisman swen final (hospice) konsènan estati tèminal, bezwen pou yon etablisman lwen oswa bezwen pou swen, enkli dire; sètifika lanmò ak/oswa nekroloji pou antèman. Distans estime an mil (si w ap vwayaje pa machin) ak itinerè vwayaj la; resi oswa konfimasyon ki gen ladan pri estime (si w ap vwayaje pa avyon, otobis oswa tren), ak/oswa resi oswa konfimasyon pou lojman ki gen ladan pri estime.



