Mwen pa t gen menm 6 mwa nan konpayi an lè m t ap kriye pou m mande èd. Mwen te nan yon sitiyasyon vyolans domestik ki te grav anpil lakay mwen, e m pa t gen okenn kote pou m al. Mwen te konn vin travay pou m chape, paske m te konnen pandan èdtan sa yo, mwen te an sekirite, epi pitit mwen yo tou. Mwen te rete la tout tan sa a paske m pa t gen resous pou m ale okenn lòt kote, e pi gwo objektif la se te kenbe yon do kay sou tèt yo. Yo t ap kontwole apèl mwen yo, yo t ap suiv lajan m, mwen pa t konn sa pou m fè. Chèf dirèk mwen an nan epòk la te pale m de Fon Ewo a (HERO Fund) epi depi lè m te aplike, mwen te resevwa chèk la nan kèk jou sèlman. Mwen te kapab demenaje, ale yon lòt kote pou sekirite nou epi kòmanse yon nouvo vi ak tout bagay sa yo dèyè nou. Mwen pa t bezwen eksplwate tèt mwen nan pwosesis la, mwen pa t bezwen mande moun èd... mande yon moun pou l kwè m. Jis yon senp etap pou m te aplike, yon konvèsasyon nan telefòn, epi lavi m te chanje nèt. Mwen pa t ap la kote m ye jodi a san èd sa a, pou m di w verite, pwobableman mwen pa t ap viv san èd sa a. M ap toujou dwe HERO Fund yon gwo favè poutèt li te fè yon gwo diferans konsa pou fanmi m ak lavi nou.