Pi bonè an 2022, mwen te pase nan yon sitiyasyon ki te difisil anpil lè m te pèdi kay mwen ak tout afè m nan yon dife. Mwen te prèske pa gen anyen ki te rete m, eksepte machin mwen ak bèt kay mwen yo. Ekip mwen an ak manadjè distri m nan te aji rapid pou m te jwenn otan sipò posib epi yo te fè m aplike tou pou fon HERO a. Non sèlman fon HERO a te ede m jwenn lajan ijan pou m te ka al rete yon kote pou yon ti tan pi vit posib, men tou li te ede m jwenn yon nouvo kay. Mwen pa t ap janm ka fè bagay yo fèt osi vit jan yo te fè l la san èd yo ak èd tout moun ki te sipòte m ansanm ak bèt mwen yo. Hamra te vrèman la pou mwen ak ti fanmi m nan. Pou sa, m ap toujou rekonesan.