JENNIFER WILSON

Mwen pa t gen menm 6 mwa nan konpayi an lè m t ap kriye pou m mande èd. Mwen te nan yon sitiyasyon vyolans domestik ki te grav anpil lakay mwen, e mwen pa t gen okenn kote pou m al. Mwen te konn vin travay pou m te ka chape, paske m te konnen pandan lè sa yo, mwen te an sekirite, epi pitit mwen yo te an sekirite tou. Mwen te rete la tèlman lontan paske m pa t gen resous pou m ale okenn lòt kote, e pi gwo objektif la se te kenbe yon do kay sou tèt yo. Yo t ap kontwole apèl telefòn mwen yo, yo t ap suiv tras lajan m, mwen pa t konn kisa pou m fè. Manadjè dirèk mwen an nan epòk la te pale m de Fon Ewo a (HERO Fund) epi depi lè m te aplike a, mwen te resevwa chèk la nan kèk jou sèlman. Mwen te kapab demenaje, ale yon kote pou sekirite nou epi kòmanse yon nouvo lavi ak tout bagay sa yo dèyè nou. Mwen pa t oblije eksplwate tèt mwen nan pwosesis la, mwen pa t oblije mande moun èd... mande yon moun pou l kwè m. Jis yon senp etap pou m te aplike ak yon konvèsasyon nan telefòn, epi lavi m te chanje nèt. Mwen pa t ap la kote m ye jodi a san èd sa a, pou m di laverite, pwobableman mwen pa t ap viv san èd sa a. M ap toujou dwe HERO Fund yon gwo favè poutèt li te fè yon gwo diferans konsa pou fanmi m ak lavi nou.

Jennifer Wilson, Manadjè Jeneral, Wendy's Missouri